Sunday, October 11, 2020
Ann ret konekte ak Peyi w


Plizyè jounalis ak etidyan reyaji apre lanmò Gregory Saint-Hilaire

Lanmò Gregory Saint-Hilaire kite yon gou anmè nan bouch anpil moun nan sosyete a kote anpil pèsonalite eksprime yo sou…

By Televizyon Lakay , in ACTUALITÉS , at October 4, 2020 Tags: , ,

img

Lanmò Gregory Saint-Hilaire kite yon gou anmè nan bouch anpil moun nan sosyete a kote anpil pèsonalite eksprime yo sou rezo a, gen plizyè ansyen ak aktyèl etidyan nan fakilte leta a ki te deside bay avi yo tou apre sa k pase a.

Pi ba n ap ka li reyaksyon anpil nan yo.

“Kòm li pa fanmi w, se pa ou menm, w ap banalize lanmò a. Antouka, etidyan an devan li menm. Men peyi. (Jounalis Lunie Joseph sou Facebook)

“C’est devenu monnaie courante. Les agents de l’USGPN détestent quand les etudiants manifestent. Ils détestent quand ils protestent contre le fait que les clauses d’un contrat de stage n’ont pas été respectées par le MENFP.  Trop occupés à intervenir en dehors de leur zone d’intervention qui est censée être le Palais National, certains agents de l’USGPN n’ont peut-être pas eu la chance de faire des études. Ils ne savent peut-être pas ce que cela veut dire”. Yon moso nan yon tèks jounalis Joubert Joseph pibliye sou paj Facebook li.

“Pa bliye etidyan an te leve <>, blòk kote lapolis bani. Donk, ou ka konprann li mouri jis paske l pa t vle bandi”, yon pòs ki pote siyati Ralph Tedy Erol, PDG Ted’Actu.

-Kòmsi, demen maten n ap annik leve epi nou tout ale nan aktivite nou?

-kòmsi, lanmò etidyan Gregory Saint-Hilaire la pa di nou anyen?

-Kòmsi, pou yon ajan USGPN annik rale zam li, li tire sou yon etidyan, jiskaske l retire lavi k?

Kòm li pa fanmi nou, zanmi nou, pwòch nou…Sa sanble pa di nou anyen?

N ap tann se yon pwòch nou ki viktim? Mesaj tristès sa pote siyati Luckson Saint-Vil ki se ansyen jounalis Métropole, Minustha FM, redaktè LoopHaïti, ki vin trè prezan sou rezo sosyo a.

“Li te kwè nan yon rèv, li te kwè nan sove peyi l men se nou ankò ki detui rèv li malgre tout efò li te fè pou l rive bay tèt li edikasyon”, Delanot Philippe, prezidan Team Gason Pa Fasil.

“Ce qui est arrivé à Gregory Saint-Hilaire ce soir est la goutte qui a fait déborder mon vase. Je tourne la page de ce pays qui n’en est plus un, de ce territoire déshumanisé. 34 ans à lutter pour rien. That’s it for me! Yon pòs Nancy Roc fè sou Twitter.

“Ou t ap goumen pou yon lòt Ayiti men malerezman menm pou youn nan gwoup moun ou konn ap goumen pou yo jwenn bon tretman yo tire w nan espas kote se liv ki gen ladan pa gen zam”. Jeanty Junior Augustin, fotojounalis.

Reyaksyon kèk etidyan apre lanmò a

Harry Claude Senatus, etidyan ENS: “etanke yon kanmarad Gregory ki konn patisipe nan mouvman ansanm ak li, mwen santi zak sa son zak trajik e ki sible tou paske Gregory konn patisipe nan plizyè lòt mouvman. Donk nan sans sa, nou bay ajan USGPN yo reskonsab, Jovenel reskonsab sa k pase a.

Minis Agénor Cadet reskonsab paske li pa t vle respekte pwotokòl dakò a epi manb direksyon lekòl  Nòmal yo reskonsab tou paske yo te trè laksis nan sans ke yo pa t fòse ministè a aplike pwotokòl dakò a ki te siyen ant 2 enstitisyon. Donk, nou kondane zak sa, nou kondane lanmò Gregory, nou kondane zak maspinay k ap fèt sou inivèsite leta a”.

Samedy Pierre Wesley, ansyen etidyan IERAH k ap etidye an Frans kounya: “Gwo kansè a se sistèm sanitè nou an, sitou piblik ki pa reponn ak okenn egzijans ki ta ka bay moun premye swen lè lavi yo an difikilte. Pa gen okenn ankadreman pou jèn medsen nan lopital piblik yo, se ak zong yo y ap travay epi leta pa sou peye yo. Malgre nou nan yon ane kote pandemi kovid-19 la mete an kesyon sistèm sanitè yon bann gwo peyi, nou ka konstate pa bò lakay pa gen okenn jefò ki fèt pou amelyore fason pou moun jwenn swen, e sove yon vi ki an danje”.

Estiverne John West, ansyen etidyan Fakilte Etnoloji: “Alòs m p ap repete fraz doktè a ki spesifye nan aswè, paske pou mwen, menm lajounen ou p ap jwenn laswenyay. Kanmarad Gregory pran bal la ENS, toupre pi gwo lopital peyi a. Li fè 3 zèd tan avan souf li tenyen. Kanmarad yo rive anndan lopital la ak li, sikonstans lan fè yo oblije tounen ak li tou mouri. Nou konn ki sa lopital vle di? Kot medsen rezidan yo? Kot pèsonèl medikal ki afekte nan sal oubyen selil ijans yo? Kot leta? Kot MSPP?

Desil Pierre, ansyen etidyan Fakilte Syanzimèn: ” M panse se yon ka ki montre pou yon ènyèm fwa ke chak ayisyen ap mache avèk ti sèkèy yo anba bwa yo. La, se ankò pi grav paske son etidyan ki tonbe anba bal polisye pandan l nan yon espas akademik ki a mwen de 10 minit de pi gwo sant ospitalye peyi a, e ke l pa ka jwenn swen malgre sa. Donk, sa m twouve li ase grav.

Sa montre n dwe gen nesesite pou moun yo pa ta dwe ap tann tou pa yo oubyen tann yon pwòch yo viktim. Sa ta dwe fè tout moun mobilize pou mande ke pwoblèm sa yo rezoud yon fwa pou tout e sesi san tann yon pakèt tan”.

Don Waty BATHELMY, etidyan nan fakilte dwa: “lopital jeneral se yon lopital inivèsite li ye, wòl l ap jwe la se pa wòl sa li ta dwe jwe. Pa gen okenn refòm nan sistèm nan ki ta ka vin adapte ak peryòd nou an…  Imajine w yon sitwayen vin ak yon malad nan lopital la epi l ap rale zam sou medsen, enfimyè yo pou mande swen pou pasyan. Pafwa, yo konn menm vle pou doktè yo kite lòt pasyan yo pou doktè vin bay pa yo swen. Nan ka sa, l ap difisil pou yon medsen oswa yon lòt pèsonèl ki pa sou sèvis al riske vi yo pou sove lòt”.

Emerson Paul, ansyen etidyan Fakilte Syanzimèn: “Monchè lopital jeneral la gon move renome nan sans sa vre. M ta di sa rantre nan demach pou montre enstitisyon leta yo pa bon pou yo ka privatize yo byen. Sa revòltan pou w tande yon ti jèn ki te chaje avni konsa mouri paske l pa jwenn swen lopital la. Franchman, tankou D-Fi te di l depi w antre la se nan koulwa lanmò ou ye. Moun sa yo se leta ki manje yo”.

Ricardo Pierre Aurevil, ansyen etidyan Fakilte Etnoloji: “zak asasinay polisye yo fè sou kanmarad Gregory a fè nou mal e l ta dwe sanksyone. Èske nou santi n moun nan je leta a? Poukisa chak tan pwomosyon ENS oblije ap revandike pou menm koze staj sa leta ta dwe garanti nou san bri san kont? Poukisa sila ki pran chimen lekòl an Ayiti konsidere kòm yon menas pou sistèm nan tandiske nèg ak zam se chouchou otorite yo?

Raple ke li te 8 tè konsa lè nouvèl la te kòmanse ap gaye gon etidyan ki pran bal, nouvèl yo te menm fè kwè li mouri. Men kèk minit apre, jounalis Guerking Souffrant ak fotograf Edris Fortuné te rive pou enfòme rezo sosyo a “en temps réel” epi ta pral rasire tout moun etidyan an pa mouri.

Malgre sa, moun te toujou gen vant bouyi, laperèz ak dekourajman a chak pòs Guerking Souffrant kote entènot te santi pa gen espwa pou jan nouvèl yo t ap vini: pran bal nan ENS, fè pil tan atè pa gen anbilans ki vini, apre mete l sou planch kouri jeneral, rive lopital la pa vrèman gen pèsonèl pou pran ka pasyan an jan sa ta dwe fèt, sou yon videyo Guerking Souffrant moun te ka remake jan kanmarad li yo ap rele kot doktè nan lopital sa lè yo rive ak Gregory.

Apre, yo vin fini pa ale lopital Bernard Mevs ak li lè yo vin wè tout bon lopital jeneral son malad pou tèt pa l. Rive Bernard Mevs, se te getan twò ta, Gregory Saint-Hilaire rann souf li.

Touswit apre, kanmarad li yo mete l sou menm planch lan epi monte yon pikòp epi retounen ak kò a anndan Lekòl Nòmal Siperyè, pandan y ap retounen sou tout wout la yo t ap chante “Yo ba nou kou a, kou a fè nou mal ooo”. Gregory Saint-Hilaire pase tout nuit lan anndan ENS jistan anbilans vin pran kò a maten an bò 9 vè11 an prezans manman l, papa l ak rès fanmi l ki te enkonsolab. Gregory Saint-Hilaire viv lanmò l avan l mouri.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

“Si w pran bal nan aswè, w al lopital jeneral, ou gen 90% chans mouri”, daprè yon medsen

%d bloggers like this: