Saturday, November 21, 2020
Ann ret konekte ak Peyi w


Ki lè n ap valorize lang kreyòl tout bon?

Mwa oktòb konsakre ak mwa lang kreyòl depi kèk tan. Nan mwa sa, chak 28 rezo sosyo tounen kote ou…

By Televizyon Lakay , in ACTUALITÉS , at October 29, 2020 Tags: ,

img

Mwa oktòb konsakre ak mwa lang kreyòl depi kèk tan. Nan mwa sa, chak 28 rezo sosyo tounen kote ou jwenn tout kalte pwovèb.

Entènot yo fin fou sou Fesbouk, Watsap, Twitè ap voye pwovèb monte kòmkwa pou montre atachman yo ak lang lan, pou montre valè yo ak li se nan pwovèb sa chita.

Mwen pa pral fon atak kreyòl kont fransè anndan tèks la paske tou 2 se lang, kidonk li nòmal pou yon moun ki vle ka pale oubyen ekri tou 2 san pwoblèm. Mwen pral plis chita sou aspè kote yo toujou ap klewonnen kreyòl se lang manman nou, se mak fabrik eritaj pèp la, poutan anndan peyi a la gen kote ou rive ou adrese w an kreyòl yo gade w yon fason, gen de moun ki konn pale kreyòl w ap eksprime w an kreyòl li gade w tankou yon moun ki pa t janm ale lekòl, konsa tou gen moun ki santi nivo akademik yo limite si yo eksprime l souvan an kreyòl.

Koze devalorize lang kreyòl la soti depi anndan lafanmi pou rive anndan lekòl. Gen de seri de fanmi ki gen ti mwayen oubyen k ap fè efò yo mete pitit yo nan lekòl ki kategorize “gwo lekòl” kote souvan etablisman eskolè sa yo, yo plis itilize lang fransè a, ki vin fè paran an obligasyon toujou ap eksprime l an fransè ak pitit li. Paran sa yo konn menm ale pi lwen pou pa kite pitit yo frekante de seri de timoun nan zòn ke yo ye a ki itilize yo menm kreyòl.

Sa k pi dwòl la, seri lekòl sa yo ki gen pwofesè ayisyen, direktè ayisyen, elèv ayisyen, twouve nan bay yon bagay ki rele senbòl oubyen mete ajenou lè timoun yo eksprime yo an kreyòl. Seri konpòtman sa yo vin fè modèl timoun sa yo panse lang kreyòl la enferyè de lòt lang, toutotan l ap grandi li vin santi lang kreyòl pa vle di anyen pou li.

Jodia, si yon fransè, ameriken, italyen debake ak pitit yo nan peyi a, yo toujou eksprime yo ak pitit yo nan lang peyi yo epi yo konn pran yon pwofesè pou aprann yo kreyòl si pa egzanp y ap pase yon bon tan anndan peyi a. Ayisyen an te lekòl isit, li fè inivèsite isit, li chaje fanmi isit, kou l pati li ale Etazini oubyen yon lòt peyi epi l gon pitit, se pa tout ki montre timoun sa pale kreyòl, yo jis kontante yo de lang peyi kote y ap viv la. Gon depresiyasyon total de lang kreyòl la lakay seri dyaspora sa yo.

Pwoblèm si m pale lang kreyòl oubyen ekri kreyòl la mwen pa avanse akademikman an nan anpil tèt ayisyen. Sitwayen an konn rive anndan yon enstitisyon ki pa yon enstitisyon kote se blan k ap dirije epi pou l montre li ka enpresyone li tonbe pale yon lòt lang kote l ap voye vant li epi pa menn klè nan sa li ta vle eksplike a oubyen enfòmasyon li vin chache a. Poutan, menm moun sa te ka anplwaye lang li pi alèz la ki se kreyòl pou l fè ide li te anvi fè pase a.

Se rezon tou nou wè jan videyo sa te tounen an bouk sou rezo a kote direktè lise a t ap voye vant li nan yon lang li pa metrize poutan li pa t ap pran kòd ni jouman si l te li diskou l la an kreyòl. Sa fèt, paske souvan nou panse pale fransè, anglè se sa ki defini vrèman nivo akademik yon moun vrèman, ki fè dèyè kameran, devan asanble ak lòt kote ki chaje moun, anpil nan nou toujou bezwen rale yon lòt lang sitou epi fè tèt nou pase sann pa rann kont kòm komedyen sou rezo sosyo a.

Menm Leta k ap mande valorize lang kreyòl la pa menm fè l anndan enstitisyon piblik yo. Poze tèt ou kesyon majorite dokiman yo nan ki lang yo ekri. Èske w ko janm parèt devan yon enstitisyon ou wè non an se an kreyòl li ye tankou w ta wè Ministè… Dayè si n ap swiv byen, nou ka remake enonse politik jeneral yon premye minis souvan li an fransè pou yon popilasyon majorite moun ladan l se kreyòl yo plis pale epi konprann, kidonk nou kapab remake menm leta a gen travay pa l pou l fè nan sa ki gen pou wè ak koze valorize lang kreyòl ak ba l jarèt.

Lang kreyòl la tèlman pa gen valè pou ayisyen an, li pito pridan nan pa fè fot nan yon lòt lang, sa pa gade l li ekri kreyòl la vay ke vay, chaje fot paske l konnen li p ap jwenn kritik vrèman ki diferan si se ta yon lòt lang. Ou ta fou w ta ekri yon fraz an franse chaje fot, pèp rezo sosyo ap fini ak ou. Men w gen tout libète w pou w sakrifye lang ki reprezante idantite w la koz li manke valè pou nou, li pa vle di twòp bagay pou nou.

Si n ap pran sektè medyatik la, sitou près ekri a. Majorite peyi yo, gwo kotidyen referans peyi sa yo, yo ekri nan lang peyi a. Isit, konbyen jounal ki an kreyòl? Dèfwa se yon grenn oubyen 2 tèks ou jwenn an kreyòl. Bon, gen moun ki ka di Ayiti gen 2 lang ofisyèl, jounal yo fon chwa men nou konnen se manti koz gade konbyen moun ki pale ak ekri kreyòl si l pa plis ke lòt lang.

Epi, lè atik yo an fransè jeneralman, majorite kòmantè yo vin an kreyòl, ki ta vle di ke majorite moun ki li jounal sa yo se moun ki plis alèz nan kreyòl la. Kounya nou ta kapab mande poukisa medya sa yo 90% sa yo pibliye se an franse. Sa son lòt deba. Men nou ka souliye nan gwo jounal ekri yo oubyen medya an liy se AyiboPost ak Juno7 ki deside ekri plizyè atik an kreyòl.

Pou n fini, Koze valorize lang kreyòl pa chita sèlman nan voye pwovèb monte. Fòk yo ka mete mwayen disponib pou Akademi Kreyòl byen fonksyone, fòk anpil prejije soti tou sou koze pale kreyòl nivo akademik ou limite. Depi lekòl nou dwe aprann timoun yo apresye lang lan epi mete kou kreyòl nòmal. Ou ka pale plizyè lang ke w vle, men w pa dwe devalorize pwòp lang ou oubyen gade yon moun sou prejije paske l pale kreyòl. Ala sa bèl w ap pale kreyòl byen epi ekri l byen menm jan w fè efò pou w aprann pale ak ekri yon lang etranje. Bon jounen lang kreyòl.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Konnen plis sou komedyen Jeff Oka, atraksyon rezo sosyo a

%d bloggers like this: