Wednesday, November 25, 2020
Ann ret konekte ak Peyi w


Egzamen nevyèm: Fich timoun bloke nan direksyon pou kòb, paran nan tèt chaje

Egzamen nevyèm ane ap demare lendi 12 oktòb k ap vini la pou bout mèkredi 14. Depi jedi pase a,…

By Televizyon Lakay , in ACTUALITÉS , at October 11, 2020 Tags: , , , , ,

img

Egzamen nevyèm ane ap demare lendi 12 oktòb k ap vini la pou bout mèkredi 14. Depi jedi pase a, anpil lekòl kòmanse bay fich ak elèv yo pou yo ka ale konpoze, gen direksyon lekòl prive ki kenbe fich timoun tou paske paran yo poko peye. Yon sitiyasyon ki lage anpil enkyetid lakay paran timoun ki poko an règ ak ekonoma a.

Gon pwovèb ki di “Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen“, petèt anpil direktè lekòl prive ap repete pwovèb sa nan kè yo la pandan yo kenbe fich timoun ki pa ka peye. Rezon an, plizyè responsab lekòl te deside bay timoun yo chans swiv kou yo, sove ane lekòl la, prepare san kè sote egzamen ofisyèl yo. Men, lè fich egzamen an tonbe, yo pa vle pran pawòl ni priyè si paran ki pa an règ yo pa mache ak lajan an anba men yo.

Daprè sa yon elèv kolèj Le Normalien di nou, nan klas li a, li evalye ka gen 60 timoun, li fè nou konnen ke jou y ap bay fich la se anviwon 30 timoun ki jwenn epi l ajoute sa valab tou pou lòt nevyèm lekòl la. Yon konsta nou ta pral fè yè vandredi a pou jan nou wè paran t ap defile nan direksyon lekòl sa ki twouve l sou Bwavèna, kote gen paran ki te vin plenyen mizè ak pwoblèm yo, gen lòt ki te pote moso lajan, genyen tou ki te vin mete yo an règ nèt ak ekonoma a epi retire fich timoun yo.

Chak ane lè pwoblèm sa prezante pou anpil paran, genyen ki konn ale kriye devan direksyon, genyen ki chache plàn tout kote pou plane yon bagay valè ke yo genyen, gen lòt ki konn prete nan men moun menm kan yo poko konnen ki kote lajan ap soti pou remèt. Sousi paran sa yo se pa wè timoun yo rate egzamen an.

Se ak lajan paran yo direktè peye pwofèsè

Ane lekòl tèt chaje sa ki te marye ak peyi lòk epi kowona, kraze anpil paran ki t ap travay ki pèdi djòb elatriye. Nan ti vire won nou epi pale ak plizyè responsab lekòl nan kapital la, repons tout prèske menm, kote yo plenyen pou paran ki dwe yo sou ane akademik 2018-2019 lan, ki dwe 3,4 mwa la, ki poko bay yon goud sou ane akademik 2019-2020 pike kole a.

Responsab sa yo eksplike nou se lajan paran an ki pou peye pwofesè ak lòt pèsonèl yo pandan yo di se pa mechan yo mechan si yo kanpe konsa fas ak paran yo.

Gen paran ki pa konn ki sen pou yo rele

Fich timoun yo bloke, elèv sa yo toujou kontinye ap etidye tout wikenn lan paske yo renmen lekòl, yo santi yo pare pou ale konpoze men malerezman gon bagay ki kanpe tankou obstak devan yo ki rele fich. Si pi devan nan atik la nou te eksplike w kisa plizyè paran konn fè pou peye lekòl timoun yo epi pran fich, gon kategori paran la yo mèt di l dat la yo avanse l, l ap toujou nan menm difikilte a pou pran fich pitit li.

Souvan, w ap wè moun sa yo men nan machwè jou sa yo, y ap gad timoun lan, timoun lan ap gade yo, yo enkyè, yo konn ale fon jounen legliz nan espwa papa BonDye ap voye yon kòbo lakay yo. Dèfwa, lè bagay la melanje yo konn kriye tou lè yo santi yo enpuisan fas ak pwoblèm fich la.

Nan moman an la gen paran ki dwe tout ane lekòl pitit yo, yo gon fèm kay ki bout sou yo kote pwopriyetè ap mete yo chalè sou konn lè sosis ap boukannen sou recho chabon, ni manman ak papa p ap travay, moun ki te konn ede yo ak timoun lan se swa l pa la ankò oubyen li bay vag koz twòp responsabilite. Nan ka sa yo, ou mèt fè lalin leve lajounen, solèy leve lannuit li p ap ka di direksyon lekòl la men yon goud. Se swa responsab la bay fich la epi kenbe rezilta a oubyen li kenbe pozisyon l pa bay li epi timoun lan rate ane a.

Leta pa gen kontwòl edikasyon an vre ki fè bagay sa toujou ap repete

Koze fich timoun ki toujou ap bloke nan direksyon lekòl son fenomèn ki egziste depi lontan. Jodia la, elèv ki gen chans jwenn fich pou ale konpoze se elèv lise, mè, frè ak kèk bon grenn kolèj. Majorite paran timoun ki nan pwoblèm la se paran ki gen timoun nan lekòl nou toujou ap rele bòlèt yo epi kèk bon kolèj.

Pa gen ase lise ak lekòl nasyonal pou tout paran ki vle voye timoun lekòl san tèt chaje ta jwenn. Ti sa k genyen yo, Leta pa mete estrikti vre, chak ane yo fè fas ak grèv, pa gen pwofesè, bibliyotèk, sal enfòmatik elatriye. Ki vin fè dèfwa moun lan pito mache ak yon grenn pantalèt, yon grenn boksè pou peye yon lekòl prive. Dèfwa, se moun lòtbò ki peye l pou yo paske yo di w yo p ap mete pitit yo nan lise ak lekòl nasyonal akoz leta pa jwe wòl li nan pran an men koze edikasyon klasik la.

Kòm leta pasif nan gen kontwòl edikasyon an Ayiti ke l lage nan men sektè prive a, anpil moun pwofite anpare yo de sektè sa epi kreye lekòl yo ki pouse tankou djondjon nan vil la. Timoun lan pito ale ladan yo paske yo gen difikilte antre nan lise, pa gen plas pou tout, ti plas ki genyen an se marenn ak parenn pou w genyen.

Toutotan leta poko granmoun pou l konnen tout bon ke tout timoun dwe gen menm chans pou ale lekòl, gon sèl lekòl ak edikasyon pou tout moun, paran ap toujou nan menm pwoblèm sa chak ane ak pitit yo pou koze fich menm jan yo toujou nan pwoblèm chak lè lekòl pral louvri.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

10 octobre 1806 : arrestation du héros de l’indépendance, Capois-La-Mort à Limonade

%d bloggers like this: