Tuesday, October 13, 2020
Ann ret konekte ak Peyi w


Ak Ayisyen ki konsyan yo : an nou sispann atake konsekans endividyèl pwoblèm estriktirèl yo

Tweet Dimanch 20 septanm 2020 ((rezonodwes.com))– Daprè Asosyasyon kanadyèn Travayè ak Travayèz Sosyal yo (ACTS), travay sosyal se yon pwofesyon…

By Rezo Nodwes , in ACTUALITÉS , at September 20, 2020 Tags: ,

img

Dimanch 20 septanm 2020 ((rezonodwes.com))– Daprè Asosyasyon kanadyèn Travayè ak Travayèz Sosyal yo (ACTS), travay sosyal se yon pwofesyon ki gen pou objektif pote kole ak moun, fanmi, gwoup moun ak kominote, pou yo kapab kontrekare kriz ak karans y ap andire. Kriz ak karans sa yo, pwofesyonèl nan syanzimèn ak sosyal rele yo « pwoblèm sosyal » ki se objè etid ak entèvansyon pwofesyon an. Nan mo ki pi klè, travayè sosyal ak travayèz sosyal (TS) yo egziste pou amelyore byennèt moun, fanmi, gwoup moun ak kominite ki an difikilte.

Mayer ak Laforest (1990) di nou, gen pwoblèm sosyal se lè gen anpil ak yon pakèt moun k ap fè fas ak nenpòt ki move sitiyasyon e ke kolektivite a jije sitiyasyon sa yo entolerab pou sivi oubyen byennèt moun sa yo, sa ki vin kreye nesesite pou debouche sou yon aksyon kolektiv pou kouri dèyè pwoblèm yo. Kòm egzanp pwoblèm sosyal, nou ka site lapovrete, ladelenkans (jivenil), lakriminalite, pwoblèm lojman, koze dwa moun ki pa respekte elatriye.

Se sa k fè, plizyè asosiyasyon dwa moun, òganizasyon imanitè elatriye ap eseye fè kichòy pou yo soulaje doulè moun, gwoup moun, fanmi oubyen kominote ki anba pwoblèm sosyal. Men, poukisa malgre anpil entèvansyon ak anpil « èd », pwoblèm sosyal yo vin pi mal nan ka Ayiti? Èske se paske objektif la se palye pwoblèm yo ki fè pa gen gwo rezilta? Ki wòl yon TS oubyen yon patikilye ki respekte tèt li anndan tout kalte kriz (pwoblèm sosyal) peyi a ap fè fas ? tipa-tipa, nou pra l eseye foure zo nan kalalou pandan n ap pwopoze estrateji nou jije ki bon pou TS ak lòt entèvean nan syanzimèn ak sosyal ki Ayiti yo ta fon jan pou yo sispann voye wòch nan lanmè oubyen lave men siye atè.

Tansyon nan batay kont pwoblèm sosyal yo

Depi nan koumansman li, pwofesyon travay sosyal la te toujou ap fè fas ak yon konfli oubyen tansyon ant de (2) fason pwofesyonel yo wè epi abòde diferan pwoblèm sosyal yo. Nan mo ki pi klè, konsepsyon pwofesyonèl yo divize an de (2) kategori : yon bò ou gen youn ki bay anpil enpòtans ak jefò endividyèl, kote TS yo ap ede moun nan adapte l, y ap eseye entegre l sou mache travay, motive l elatriye. Se yon apwòch sikolojizan ki vle fè konprann si endividi a twouve l nan yon move pas nan lavi li, se paske l pa ta fè jefò ase pou l soti tèt li nan sal ye a, oubyen l manke yon bagay men ki ta nan li san l pa ta rann li kont. Defen prezidan Preval te ka di « naje pou w sòti ». kategori TS sa la pou l ankouraje w naje, menm si soti a pa ta klè epi mwayen ak zouti ki disponib pou ou yo pa ta penmèt ou met pye w sou tè fèm. Jodi a, anpil nan moun sa yo konvèti tèt yo an « coach de vie », yo sou tout rezo sosyal ki egziste y ap « motive » moun fè plis jefò chak jou pi plis pou sòti tèt yo.

Yon lòt bò, ou jwenn yon dezyèm kategori TS ak lòt pwofesyonèl oubyen sitwayen lanmda. Moun yo ki nan kategori sa ta pwopoze pito yon analiz sosyal ak yon apwòch estriktirèl pou etidye oubyen entèveni sou pwoblèm sosyal moun, fanmi, gwoup moun ak kominote yo ap fè fas. Si w pa ka manje jodi a, se pa paske bondye rayi w oubyen w pa fè efò ase daprè kategori sa. Men se pito paske gen yon movèz repatisyon richès ki fèt. Gen yon moun oubyen yon gwoup moun ki pote boure sou sa w ta dwe jwenn nan. Kidonk, se òganize w ak tout moun k ap andire menm pwoblèm avè w pou rekipere sa yo vòlè pou ou.

N ap note, nan kontèks tout voum se do n ap viv an Ayiti a, tout moun sa yo pa fòseman TS, ni yon moun pa oblije TS pou w fè zèv charite paske aksyon sa yo te egziste anvan pwofesyonalizasyon travay sosyal la. Men pwofesyon travay sosyal la, tankou tout syans, gen teyori ki pwop ak li, li gen objè, li gen metòd elatriye. Kidonk, lonje yon moun lanmen pa vle di fòseman se travay sosyal k ap fèt (sa pou yon lòt deba).

Nou jwenn konfli nou pale pi wo yo menm lakay de premye figi travay sosyal enstitisyonèl oubyen pwofesyonèl nan peyi endistriyalize yo. De (2) moun sa yo se Mary Richmond ak Jane Addams. 2 Amerikèn. Li difisil pou w gen yon pakou kòm etidyan nan travay sosyal an Ayiti pou w pa konn de (2) pyonyè sa yo. Premye a te vin ak yon apwòch ki rele “casework” oubyen entèvansyon ka pa ka. Li t ap pouse moun yo fè efò pou yo soti nan povrete, pandan òganizasyon li an t ap fè yo zèv lacharite. Se yon apwòch endividyèl sou pwoblèm ki estriktirèl. Dezyèm nan, Jane Addam, li t ap pouse moun yo kesyone mòd òganizasyon sosyal yo ki akouche diferan pwoblèm y ap viv la pito. (bourquet, 2012). Gen otè ki rele premye konsepsyon an travay sosyal “opriman”, epi dezyèm nan “konsyantizan.” (St-Amand, 2003).

Nouvèl filantwopi vèsyon Ayisyèn

Pandan etid nou nan travay sosyal an Ayiti, divès eksperyans nou te fè kòm entèvenan sosyal ak kèk obsèvasyon montre ke, malgre efò kèk estrikti ak patikilye ap fè pou manyen pwoblèm yo lan nannan, pratik ki dominan lakay TS yo se souvan yon fotokopi modèl Mary Richmond an. Menm an 2020 pratik sa toujou ap vale teren, kote kèk patikilye, ONG, antreprè ak politisyen ap pot ti sak diri kay moun ak ti bidon luil elatriye, men aprè yon ti tan moun nan toujou ap neye nan mizè rere ak lapovrete sosyete a foure l la.

Nou fè obsèvasyon sa sitou nan kontèks aprè tranblemanntè 2010 la, kote nou remake yon ekstansyon sa Nò Ameriken yo rele « la nouvelle philanthropie » a. Edwards (2008 nan Ducharme 2012) aprann nou ke nouvèl filantwopi sa se yon aksyon ki vize fè don oubyen sipòte moun. Men, li ale pi lwen pou li fè konnen ke don sa yo se yon fòm envestisman ki pra l pèmèt donatè yo jwenn pi gwo retonbe ekonomik pi devan. N ap fè konnen ke se te souvan antrepriz sektè prive k ap mache kreye fondasyon ki t ap mete an aplikasyon nouvèl filantwopi a. Sitou nan peyi Lèzetazini. Anvan nou ale pi lwen, n ap ajoute ke yo rele modèl filantwopi sa filantwokapitalis tou, paske objektif li se pwofi, menm si li pa imedya.

Si n ap kontinye gade sa k ap pase an Ayiti, n ap wè gen fondasyon Boulos, fondasyon dijisel, fondasyon inibank, Fondasyon Sojebank elatriye. Se yon pakèt antreprenè ak antrepriz ki lage kò yo nan fè zèv imanitè pou maske reyalite mizè yo menm ankò kreye epi pran pòz papa ak manman bon kè yo, pandan y ap jwi egzansyon taks, franchiz dwanyè elatriye. Nou dekouvri nan yon atik LeNouveliste te pibliye nan dat ki te 26 mas 2018 la ke Leta ayisyen bay plis pase 40 milya goud franchiz dwanyè ak ONG, misyon diplomatik epi kèk antrepriz nan anviwon senk (5) lanne sèlman. Yon lajan ki te ka ede l mete sou pye bon jan pwogram sosyal, pandan l  t ap ka envesti tou nan plizyè sektè kle nan sosyete a.

Yon lòt bò, patikilarite sa k ap pase Ayiti a pouse n gade se pa sèlmen antreprenè ak antreprenèz k ap fè don makiye anba kouvèti « aksyon imanitè ». Nou jwenn tou kèk figi politik ki vle ogmante kapital politik yo nan bouche ti tou rego, bay kèk ti sak diri bò lakay yo ak patizan epi senpatizan yo epi di y ap fè sosyal. Egzanp ki klè nan tèt nou se ansyen depite Kalèb Deramo ki t al inogire yon ponp dlo nan yon kominote epi li afiche imaj li an gran plan, an penpan, pou li di l ap fè « aksyon Kominotè. » (Anplis de etid mwen nan travay sosyal, mwen fè yon lanne ap etidye nan yon pwogram yo rele « aksyon kominotè » nan inivèsite Monreyal, mwen konn sa l ye. Depite a t ap fè tout bagay sof sa. Si n gen tan na pale sou sa yon lòt lè).

Pi lwen, sa ki pral plis deranjan anndan zak malsen diferan aktè nou site pi wo, se prezans yon lòt kategori aktè ki soti nan matris pèp la, men ki bezwen sòti tèt yo, ogamante kapital sosyal yo, jwenn retonbe ekonomik, k ap konsidere tèt yo kòm travayè sosyal (menm si se pa tout) epi di y ap « fè sosyal ». La, m ap pale de kèk inivèsitè ak inivèsitèz ak lòt patikilye ki non sèlman izipe tit travayè sosyal la menm jan ak « enjenyè » nou an, men w jwenn yo ki kite nannan pwoblèm yo epi lage kò yo nan fè demach soupwèl. Nou sonje jan moun sa yo t ap atire atansyon ak senpati moun sou sò yon ti pitit fi ki te sou chanmas, kote eskanmòtè G9-palè nasyonal te fin boule kay paran li epi lage yo sanzabri. Rapid-vit yo koumanse kolekte lajan pou pote timoun sa sekou. Se yon jès louwab moun ka apresye. Sepandan, nou remake te gen plizyè lòt fanmi ak timoun ki te sou channmas la tou. Men, malerezman, yo pa t gen chans jwenn pwojektè sou yo, kidonk se yo ki pra l debouye yo soti tèt yo. Kesyon m ap poze, se ta ki enpòtans zèv « bon kè » sa lè rès moun yo rete sou Channmas la ? yon lòt egzanp nou ka pran se 2, 3 kamarad ki t al pote kèk pwodui premye nesesite bay 2, 3 timoun nan yon sant Leta kreye pou yo e menm Leta sa ta bliye yo. Mwen wè nan travay sa yon demach k ap deresponsabilize Leta chak jou pi plis epi devlope yon santiman asiste lakay moun. Kamarad yo te pètèt manisfeste bòn fwa yo nan jès sa yo, nou pap krache sou apwòch moun ki sensè. Men, Jèn yo nan sant lan y ap viv menm reyalite ak sa Leta bliye nan lari yo. Pandan tan sa, Leta ap voye kòb bay gang federe epi bay moun ki gen lajan déjà plis avantaj ti koulout ak anba tab, jan nou di l anlè a. Anplis de deresponsabilizasyon sa, mwen wè yon demach k ap ranfòse inegalite sosyal ak sovkipe ki deja egziste nan peyi a.

Boutofen, nan kontèks gwo prekarite majorite moun twouve yo nan peyi a, mwen konprann sousi ki lakay zanmi ki vle pote sekou bay kèk moun k ap fè fas ak tout kalte pwoblèm sosyal, sitou pwoblèm lamanjay, lojman, elatriye. Sa ap pèmèt yo reponn ak bezwen ki pi imedya yo. Men, sou yon plan ki plis global, demach sa yo pa gen posiblite pou yo bay rezilta. Paske system oubyen estrikti k ap jenere pwoblèm yo pa gen yon plim ki sot sou do yo. Nou ta dwe konprann finalman ke èd ak asistana pwofesyonèl, antreprenè  ak lòt patikilye ap ofri popilasyon an vize sivi kèk grenn nan yo, pou kèk jou, men yon ti kras pita y ap retwouve yo nan menm kalamite yo. Nan lòt mo, nou ta ka di, jès lonje men sa pa pèmèt moun yo soti yon fwa pou tout nan sitiyasyon move pataswèl y ap resevwa nan men lavi.

Nan kontèks sa, nou ap fè kèk rekomandasyon ak sila yo ki gen bòn fwa epi ki gen sousi pou patisipe nan chanje kondisyon move lavi moun ap viv tout bon vre :

 Dabò, m ap envite nou pa chache “ede” moun. Cahnje paradigm sa, paske mo sa charye tout yon rapò vètikal ak patènalis, jan nou wè kèk fondasyon, ak gwo patwon ap devlope ak moun yo. Fè pito sa yo rele « solidarite » ak moun ki nan move sitiyasyon. Sa k ap pèmèt ou gade moun yo nan tout diyite ak imanite yo, paske kondisyon nou pa twò depaman de pa yo. Nou te fè l aprè goudougoudou. Mwen te temwen de yon « èd mityèl » nan mitan nou. Se vre ONG vin kraze modèl antrèd kolektiv sa, nou ka retounen avèl. Nou ka retounen ak moun nou te ye an. Mwen sonje lè m te etidyan syanzimèn kote nou 3 konn ap manje yon aleken nan menm asyèt ak 3 kiyè. Kole zepòl se bagay ki lagay anpil Ayisyen, ann fèl san biznis, san mativi. Anplis, mwen envite nou, pandan n ap fè solidarite ant nou, pwofite enskri tèt nou nan yon demach konsyantizant nan menm fason Jane Addams t ap fè l, oubyen yon nèg kou Paolo Freire t ap fè nan peyi Brezil ak modèl « edikasyon popilè[1] » an. Paske se vre nou pa ka kite yon moun mouri grangou, men kontinye kole zepòl pandan n ap goumen kont systèm k ap kale inegalite ak tout kalte pwoblèm sosyal nan bay moun ki déjà gen mwayen plis mwayen toujou. Moman an rive pou n sispann depanse enèji nou nan redui konsekans endividyèl pwoblèm estriktirèl yo. Paske pwoblèm sosyal yo pa yon fatalite ni se pa Bondye ki kale yo. Se toujou yon pwojè politik k ap aplike men ki tasit an menm tan epi move apwòch kèk sitwayen ki rann yo pi fò. Kidonk, se sou estrikti k ap kale pwoblèm yo pou n ta tire wòch.

Bibliograpphie
1- Alphonse, R. (2018). Détournement de franchise, une autre veine ouverte du Trésor public…repéré àhttps://lenouvelliste.com/article/185216/detournement-de-franchise-une-autre-veine-ouverte-du-tresor-public

2- Bouquet, B. (2012). Deux pionnières-fondatrices du travail social à visée collective et politique : Jane Addams et Alice Salomon. Vie sociale, 2(2), 11-25. doi:10.3917/vsoc.122.0011.

3- Ducharme, É. (2012). La « nouvelle philanthropie » : coup d’oeil sur les impacts de sa présence en sol québécois. Nouvelles pratiques sociales, (1), 16–29. https://doi.org/10.7202/1008624ar

4- Mayer, R. & Laforest, M. (1990). Problème social : le concept et les principales écoles théoriques. Service social39 (2), 13–43. https://doi.org/10.7202/706475ar

Par :

Jefferson Solon, TS

Solj02@uqat.ca


[1] Mouvman edikasyon popilè ak aksyon kominotè nan Kebèk (Mépaq) fè nou konnen ke edikasyon popilè a se yon ansanm demach kote moun ap aprann epi akouche refleksyon kritik k ap pouse sitwayen ak sitwayèn yo jwenn yon priz de konsyans individyèl ak kolektif ki konsène move kondisyon lavi yo epi k ap gen pou objektif ofinal akouche yon transfòmasyon sosyal, ekonomik, kiltirèl ak politik.

%d bloggers like this: